Letra 1 Minute de X-tassy

Letra de 1 Minute

X-tassy


1 Minute
X-tassy
(0 votos)
Ban m on minit pou m rakonte w
sa ki andan kè mwen
Mwen g'on sekrè pou m devwale
m'espere w'ap koute m
Sa f'on minit m'ap admire w
figi w si bo tablo
Poko souri mwen pa fini
m'espere w'ap koute
Nan yon minit fè m bliye
soufrans mwen janm pase
Tanpri souple poko jije m
m'espere w'ap koute
Tout sa m mande w se yon minit
Jis pou m ka konnen
kijan m'ta ye si m ta genyen w
M'espere w'ap koute
...
Sof yon minit m'ape mande w
èske w'ap aksepte
Avè w cheri mwen vle fè vi m
mwen swete w'ap koute
Aprè on minit mwen fin eksplike w
sa k te sou kè an mwen
Mwen mete m ajenou nan pye w
pou m di w
Ou fè m gaga – oh oh oh
Ou fè m egare – oh oh oh
Ou fè m gaga – oh oh oh
Ou fè m egare – oh oh oh
...
Oh oh, oh
Oh oh, oh
Oh oh, oh
Oh oh, oh
Ou fè m gaga – oh oh oh
Ou fè m egare – oh oh oh
Ou fè m gaga – oh oh oh
Ou fè m egare – oh oh oh
...
E si w vle akòde m yon minit
ma va montre w lanmou
Kenbe w nan bra mwen,
poze sou kè mwen
An nou pa pèdi tan, pito n bay lanmou nou yon chans
Kenbe w nan bra mwen,
poze sou kè mwen
E si w vle akòde m yon minit
ma va montre w lanmou
Kenbe w nan bra mwen,
poze sou kè mwen
An nou pa pèdi tan, pito n bay lanmou nou yon chans
Kenbe w nan bra mwen,
poze sou kè mwen


Comparte 1 Minute! con tus amigos.


Que tal te parece 1 Minute de X-tassy?
Pesima
Mala
Regular
Buena
Excelente